Press Release - Kreyòl
Lansman nouvo sit entènèt Visit Haiti, k ap prezante Ayiti kòm nouvo gwo destinasyon Karayib la
Bato Ilavach, Ayiti
Fotograf: Verdy Verna
Lendi 15 Jiyè 2019
Share
Nouvo sit entènèt Visit Haiti a lanse jodi a nan Pòtoprens, ak sipò ekip kreyatè lokal li a. Visit Haiti se yon nouvo platfòm; travay li, se chanje jan moun wè Ayiti, epi gide nouvo jenerasyon ki ap cheche yon eksperyans orijinal, yon eksperyans inik nan Karayib la, pou li vizite Ayiti.
Lunevska Jean, ki se manadjè Visit Haiti, di « Nou vle pataje diferan istwa ki egziste nan kilti peyi nou an. Nan pataje istwa sa yo epi nan ede vwayajè pou yo viv pi bon eksperyans peyi a gen pou li ofri, nou vle enspire jenerasyon vizitè k ap vini an, epi pote chanjman pozitif pou bèl peyi sa a ak bèl moun k ap viv ladan l yo. »
Jean di lide pou lanse sit la vini lè li reyalize imaj peyi a te genyen nan kominote entènasyonal la pa t koresponn ak reyalite pèp la t ap viv. Istwa ki domine nouvèl pa t kite lavi nan peyi Ayiti klere. Jean di, « Kote pozitif la te manke. Nou la pou nou chanje sa. »

Fanm Ayisyèn
Fotograf: Kolektif 2 Dimansyon
Pou Ayisyen, nouvo platfòm sa a pote yon pakèt nouvo opòtinite. « Yon endistri touris ki pi fò ap pote yon kwasans ekonomik sou teritwa nasyonal la, menm pou Ayisyen ki pa p travay nan sektè touris la. »
Pi fò nan ekip Visit Haiti a Ayisyen, oswa ap viv epi travay isit la, an Ayiti — foto, atik, ak gid destinasyon yo, se Ayisyen natif natal ki kreye yo, e ki twò kontan pataje peyi yo renmen an ak rès monn lan.
Jean di, « Kilti Ayisyen an inik, e li gen yon gwo divèsite ladan l. Se yon bagay pou tout moun ta viv. »
Sou Instagram ak Facebook, VisitHaiti deja ap pataje kilti sa a ak kominote milye moun ki ap swiv li depi tout kote nan monn lan.
Si nou ta renmen konnen sa Ayiti gen pou li ofri (si se pa yon solèy twopikal, plaj ak sab blan, ak bon jan wonm), nou ka li dènye atik ki soti sou Visithaiti.com yo !
Si nou se mèt yon antrepriz lokal ki ta renmen atire plis kliyan nan lokalite pa li nan peyi a, fè yon kout pye sou Visithaiti.com epi kontakte Lunevska Jean nan (+509) 3768-3534.
Kontak
Pou plis enfòmasyon oswa pou aranje yon entèvyou :
Lunevska Jean
(+509) 3768-3534
Our recommendations
Ciné Triomphe and Rex Théâtre
Ciné Triomphe and Rex Theatre are Haiti’s two major theaters,
The Peabody House – A Gingerbread Palace
The delightful Peabody House is Haiti’s most famous example of
Party like a Haitian at Jacmel Carnival
A weekend of partying at Jacmel’s annual Carnaval is the
Pilgrimage to Saut d’Eau
Every year, this one-of-a-kind vodou pilgrimage brings together crowds of
Visit a museum dedicated to Vodou
A visit to the Bureau of Ethnology, a museum dedicated
Subscribe to our newsletter
Get more travel inspiration, tips and exclusive offers sent straight to your inbox